Jeremiah 33:14
Seyè a di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:18Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
1 Chronicles 17:13M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Jeremiah 23:5Seyè a di ankò: -Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Jeremiah 31:27Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 32:38Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò.