Jeremiah 33:16
Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Seyè a di ankò: Va toujou gen yon wa ki soti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la.
Cross References
Deuteronomy 33:12Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.
Jeremiah 23:6Sou rèy wa sa a, pèp Jida a va sove, pèp Izrayèl la va viv ak kè poze nan peyi l'. Y'a rele wa a: Seyè a, Delivrans nou.
Jeremiah 50:7Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Seyè a ki te ka rann yo jistis, kont Seyè a ki te tout espwa zansèt yo.
Ezekiel 34:25M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.