Jeremiah 33:24
-Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l' tankou yon nasyon ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Seyè a pale ak Jeremi ankò, li di l':
Cross References
Nehemiah 4:2Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.
Psalms 44:13(044:14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Psalms 83:4(083:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
Psalms 94:14Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.
Jeremiah 30:17Nou menm moun Siyon, yo te rele nou: moun yo mete deyò. Yo t'ap di: pa gen moun pou okipe nou. Men, se mwen menm k'ap ban nou renmèd, k'ap geri tout malenng nou yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 31:37Si yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la, si yo ka rive konnen fondasyon latè a, konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal. Se Seyè a menm ki di sa.