Jeremiah 33:5
Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 31:18Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Isaiah 64:7Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.
Jeremiah 21:4Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nèbikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.
Jeremiah 32:5Apre sa, y'a mennen Sedesyas lavil Babilòn, li va rete la jouk m'a regle avè l'. Menm si nou goumen ak moun Babilòn yo, nou p'ap janm genyen lagè a. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 39:23Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pa t' kenbe pawòl yo te gen avè m' lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.