Jeremiah 34:10
Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 25:10N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.
Jeremiah 3:10Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Jeremiah 26:16Lè sa a, gwo chèf yo ak tout pèp la pale ak prèt yo ansanm ak pwofèt yo. Yo di yo: -Pa gen anyen la a pou n' touye nonm sa a. Paske se nan non Seyè a, Bondye nou an, li pale ak nou.
Jeremiah 36:24Men, ni wa a ni chèf li yo pa t' gen kè kase, ni yo pa t' fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la.
Mark 6:20Men, li pa t' kapab, paske Ewòd pou tèt pa l' te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sak fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l' pale tou, menm si apre sa kè l' te boulvèse.