Jeremiah 34:15
Men nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pa t' fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 21:27Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.
2 Kings 12:2Joas pase tout lavi li ap fè sa ki dwat devan Seyè a, paske se Jeojada, prèt la, ki te leve l'.
2 Kings 23:3Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lòd Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li. Lèfini, pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. Tout pèp la pran angajman pou yo kenbe kontra a tou.
Psalms 76:11(076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la.
Isaiah 58:2Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m' yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m', epi ki pa t' janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m' pou m' defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.
Jeremiah 32:34Yo mete vye zidòl yo nan tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m' ankò.