Jeremiah 34:17
Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi.
Bib La
In The King James Version
In Context
18M'ap mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou.
Cross References
Leviticus 26:34Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
Judges 1:6Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l', yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l' yo.
Jeremiah 15:2Lè y'a mande ou kote pou yo ale, w'a di yo: Men sa Seyè a di: Sa ki la pou mouri anba maladi pral mouri anba maladi! Sa ki la pou mouri nan lagè pral mouri nan lagè! Sa ki la pou mouri grangou pral mouri grangou! Sa ki la pou depòte, yo pral depòte yo!
Jeremiah 21:7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.
Jeremiah 29:17Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.