Jeremiah 34:20
M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:26Lè n'a mouri, se zwazo ak bèt nan bwa ki pral manje kadav nou yo san p'ap gen pesonn pou pouse yo ale.
1 Samuel 17:46Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.
1 Kings 16:4Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
2 Kings 9:34Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: —Al okipe fanm madichon an! Antere l'. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.
Jeremiah 7:33Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pesonn pou pouse bèt yo ale.
Jeremiah 16:4Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.