Jeremiah 34:22
M'ap pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l', y'ap mete dife ladan l'. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 24:2Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Isaiah 24:12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
Isaiah 45:1Seyè a te chwazi wa Siris pou fè travay li. Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li. Li voye l' pou l' wete pouvwa wa yo, l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li. P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li. Men sa Seyè a di wa Siris:
Jeremiah 2:15Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.