Jeremiah 34:3
Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesaj Seyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè.
Cross References
Jeremiah 21:7Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.
Jeremiah 34:21M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale.
Jeremiah 38:18Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.
Jeremiah 39:4Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an.
Jeremiah 52:11Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn. Yo mete Sedesyas nan prizon, li rete la jouk li mouri.
Ezekiel 17:16Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, k'ap pale: Jan nou konnen mwen vivan vre a, wa a pral lavil Babilòn, paske li te kase kontra a, li pa t' respekte kondisyon li te pase ak wa lavil Babilòn lan ki te mete l' la pou gouvènen peyi a.