Jeremiah 34:9
tout moun menm ras ak yo, fanm kou gason, ki te esklav lakay yo libète yo. Konsa, pesonn nan moun Jida yo pa t'ap gen yon frè parèy yo k'ap sèvi yo esklav.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 40:15Ou wè: se vòlè yo te vòlè m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fè anyen pou yo te mete m' nan prizon.
Exodus 3:18Chèf fanmi yo va koute sa ou gen pou di yo. Apre sa, wava ale bò kote wa Lejip la ansanm ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo, n'a di wa a: Seyè a, Bondye ebre yo, te parèt devan nou. Kite n al fe yon ti vwayaj nan dezè a. Lè n'a fin mache pandan twa jou, n'a rete pou n' touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 15:12Si yon moun menm ras ak nou, kit se gason, kit se fanm, vin vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, li va sèvi nou sizan. Lè setyèm lanne a va rive, se pou nou kite l' al fè wout li.
1 Samuel 4:9Se pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n' goumen tankou vanyan gason!
Jeremiah 25:14Yo menm tou moun Babilòn yo, anpil lòt nasyon ak gran wa va fè yo tounen esklav. M'ap fè yo peye pou tou sa yo fè.
Jeremiah 30:8Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò.