Jeremiah 36:10
Lè sa a, Bawouk pran liv mesaj Jeremi yo, li li l' nan tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesaj Seyè yo ki te ekri nan liv la.
Cross References
2 Samuel 20:25Cheva te sekretè gouvènman an. Zadòk ak Abyata te prèt.
2 Kings 18:37Apre sa, Elyakim, pitit Ilkija a, ki chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a ak Joak, pitit Azaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.
Jeremiah 26:10Lè chèf Jida yo vin konnen sa ki t'ap pase, yo kite palè wa a, yo kouri al nan tanp lan, y' al chita nan plas yo bò Pòtay Nèf la.
Jeremiah 29:3Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la:
Jeremiah 36:6Men ou menm, ou prale nan tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesaj Seyè a te bay yo. Ou pral li l' byen fò pou tout moun ki nan tanp lan ka tande, pou moun ki soti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou.
Jeremiah 36:11Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesaj Seyè yo ki te ekri nan liv la.