Jeremiah 36:12
Apre sa, li ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesaj Seyè yo ki te ekri nan liv la.
13Miche di yo tou sa li te sot tande Bawouk ap li nan zòrèy pèp la.
Cross References
2 Kings 22:12Li fè chache Ilkija, prèt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbò, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè palè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a:
2 Kings 24:8Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. Manman l' te rele Neouchta. Se te pitit fi Elnatan, moun lavil Jerizalèm.
Jeremiah 26:22Se konsa, wa Jojakim voye Elnatan, pitit Akbò, ansanm ak kèk lòt gason nan peyi Lejip al chache msye.
Jeremiah 28:1Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m' nan tanp Seyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:
Jeremiah 36:20Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y' ale nan lakou palè a, y' al rapòte wa a tout bagay.
Jeremiah 41:1Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya,