The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 36 › Jeremiah 36:29

Jeremiah 36:29

Lèfini, men sa w'a di sou Jojakim, wa Jida a. Seyè a pale, li di konsa: Ou boule woulo liv la, pa vre? Epi ou mande Jeremi poukisa li te ekri wa Babilòn lan gen pou l' vini pou l' kraze peyi a, pou l' touye dènye moun ak dènye bèt ki ladan l'.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt say to Jehoiakim the king of Judah, Thus saith the LORD; Thou hast burned this roll, saying, Why hast thou written therein, saying, The king of Babylon shall certainly come and destroy this land, and shall cause to cease from thence man and beast?

In Context

28-Al chache yon lòt woulo papye. Ekri tou sa ki te nan premye woulo Jojakim, wa peyi Jida a, te boule a.

30Se poutèt sa, koulye a, men mesaj mwen menm Seyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: p'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fotèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit.

Read all of Jeremiah 36

Cross References

Deuteronomy 29:19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.

Job 40:8Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.

Jeremiah 21:4Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nèbikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.

Jeremiah 21:10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.

Jeremiah 28:8Pwofèt ki te vini anvan m' yo ak anvan ou tou te fè konnen lagè, grangou ak move maladi pral tonbe sou anpil gwo peyi, sou anpil gran wa ak tout pèp yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 36:29

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 36:28Jeremiah 36Jeremiah 36:30 →