Jeremiah 36:31
M'ap pini yo, ni li menm ni pitit li yo, ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pa t' koute m' lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:15Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:
Proverbs 29:1Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.
Jeremiah 17:18Se moun k'ap chache touye m' yo ki pou wont. Pa mwen. Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen. Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!
Jeremiah 23:34Lè yon moun nan pèp la, osinon yon pwofèt, ou ankò yon prèt va pale mal sou chay Seyè a bay pote a, m'ap pini l' ansanm ak tout fanmi li.
Jeremiah 35:17Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di nou: Mwen pral voye sou moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo malè mwen te di m'ap voye a. Paske mwen te pale nou, nou pa koute m'. Mwen rele nou, nou pa reponn mwen.
Ezekiel 7:8Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m' ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p'ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M'ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo.