Jeremiah 36:6
Men ou menm, ou prale nan tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesaj Seyè a te bay yo. Ou pral li l' byen fò pou tout moun ki nan tanp lan ka tande, pou moun ki soti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:27-Dizyèm jou sètyèm mwa sa a, se gran jou padon an li ye. N'a reyini tout moun pou n' adore Bondye. N'a fè jèn epi n'a fè ofrann pou yo boule nan dife devan Seyè a.
Jeremiah 18:11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.
Jeremiah 22:2pou ba l' mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fotèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre soti nan pòtay lavil la, koute sa Seyè a di nou:
Jeremiah 36:8Bawouk, pitit Nerija a, fè tou sa Jeremi te ba li lòd fè a. Li kanpe nan mitan Tanp lan, li li mesaj Seyè yo ki te nan liv la.
Acts 27:9Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje.