Jeremiah 37:10
Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.
Isaiah 13:15Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo.
Isaiah 30:17Lè n'a wè yon sèl moun nan lènmi yo, mil nan nou pral kraze rak. Lè n'a wè senk menm, se nou tout k'ap kouri met deyò. Sèl bagay k'ap rete nan lame nou an, se va drapo n'a kite kanpe sou tèt ti mòn lan.
Jeremiah 37:8Lè sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l', y'ap boule l'.
Jeremiah 50:45Konsa, koute sa mwen soti pou m' fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
Joel 2:11Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?