Jeremiah 38:16
Wa Sedesyas rele Jeremi sou kote, li fè l' sèman. Li di l' konsa: -Mwen pran Bondye vivan an, Bondye ki ban nou lavi a, pou temwen, mwen p'ap fè touye ou, ni mwen p'ap lage ou nan men moun ki vle touye ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 16:22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
Ecclesiastes 12:7Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
Isaiah 57:16Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouraj.
Jeremiah 37:17Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.
Zechariah 12:1Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi.
Hebrews 12:9Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.