Jeremiah 38:17
Lè sa a, Jeremi di Sedesyas konsa: -Men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 17:24Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou.
Job 23:13Men, lè Bondye fin deside yon bagay, ki moun ki ka fè l' chanje lide? Ki moun ki ka enpoze l' fè sa li vle fè a?
Psalms 80:14(080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
Jeremiah 21:8Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò.
Jeremiah 21:10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.
Jeremiah 27:17Pa koute yo. Soumèt devan wa Babilòn lan, konsa n'a viv. Pa gen rezon pou nou fè lavil Jerizalèm lan tounen mazi.