Jeremiah 38:18
Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l'. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:4Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo.
Jeremiah 21:10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.
Jeremiah 32:3Se Sedesyas, wa peyi Jida a, ki te fè fèmen pwofèt la la, paske li t'ap fè l' repwòch dèske li te bay mesaj sa a nan non Bondye Seyè a: M'ap lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan. L'ap pran l'.
Jeremiah 34:2Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: -Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Seyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l'.
Jeremiah 34:19Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m' lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou.
Jeremiah 38:3Wi, men sa Seyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo.