Jeremiah 38:20
Jeremi di l' konsa: -Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesaj Seyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Si ou derefize al rann tèt ou, men sa ki pral rive ou, dapre sa Seyè a fè m' wè:
Cross References
2 Chronicles 20:20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
Proverbs 7:2Si ou fè sa m'ap di ou pou fè a, w'a viv. Konsidere sa m' moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.
Jeremiah 11:4Se kontra sa a mwen te pase ak zansèt nou yo lè mwen t'ap fè yo soti kite peyi Lejip, peyi ki te tankou yon gwo dife nan dèyè yo. Mwen te di yo: Se pou nou koute m', se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Se konsa, n'a yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'a sèl Bondye nou.
Daniel 4:27Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò.
Amos 5:6Chache vin jwenn Seyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pesonn p'ap ka tenyen l'.
2 Corinthians 5:11Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l' gen tan konnen m' nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m' tou.