Jeremiah 38:23
Yo pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennen yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Sedesyas di Jeremi konsa: -Pa kite pesonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri.
Cross References
Numbers 4:18-Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.
2 Chronicles 36:20Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la.
Jeremiah 27:12Mwen pale ak Sedesyas, wa Jida a, mwen di l' menm bagay la tou: -Ou menm ansanm ak pèp la, se pou nou bese tèt devan otorite wa Babilòn lan. Se pou nou sèvi ni li ni pèp li a, konsa n'a viv.
Jeremiah 34:3Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l' tou. W'a kontre avè l' bab pou bab. W'a pale avè l'. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn.
Jeremiah 39:5Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas.
Jeremiah 41:10Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.