Jeremiah 38:4
Chèf yo al di wa a: -Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouraj. Nonm sa a pa soti pou l' ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen.
Cross References
1 Kings 18:17Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
2 Chronicles 24:21Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l' ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.
Nehemiah 6:9Yo t'ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t'ap di nan kè yo: Talè konsa y'a dekouraje avèk travay la, li p'ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m' fòs non! Fè m' pa dekouraje!
Jeremiah 26:21Lè wa Jojakim, gad li yo ansanm ak tout chèf li yo tande sa li t'ap di, wa a t'ap chache yon jan pou touye li. Ouri vin konn sa, li pè, li kouri al kache nan peyi Lejip.
Jeremiah 36:12Apre sa, li ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo.
Ezekiel 22:27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.