Jeremiah 38:9
-Monwa, mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Ebèdmelèk soti nan palè a, li ale bò pòtay la, li di wa a konsa:
Cross References
Esther 7:4Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.
Proverbs 24:11Delivre moun y'ap trennen pou y' al touye. Sove moun y'ap bourade pou y' al egzekite.
Jeremiah 19:9Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
Jeremiah 39:17Men jou sa a m'ap sove ou. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Ou p'ap tonbe nan men moun k'ap fè ou pè yo.