Jeremiah 39:12
-Chache kote Jeremi ye. Pran swen li byen. Pa fè l' anyen. Okontrè, tout sa l'a mande, w'a ba li l'.
Bib La
In The King James Version
Take him, and look well to him, and do him no harm; but do unto him even as he shall say unto thee.
In Context
11Men Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi:
Cross References
Psalms 105:15Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.
Proverbs 21:1Seyè a dirije lespri yon wa, menm jan li dirije yon kouran dlo nan kannal. Li mennen l' kote li vle.
Jeremiah 15:11Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon.
Jeremiah 40:4Atòkile, m'ap wete chenn ki nan ponyèt ou yo, m'ap lage ou. Si ou vle vini ak mwen lavil Babilòn, ou mèt vini, m'a pran swen ou. Men, si ou pa vle tou, ou pa blije vini. Tout peyi a devan ou, ou mèt ale kote ou vle.
Acts 7:10Li delivre l' nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l' bon konprann, li fè l' aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l' gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.