Jeremiah 4:10
Lè sa a, mwen di: Aaa! Seyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:14Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
Isaiah 63:17Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!
Jeremiah 4:18Jida, se lenkondite ou ak move lajisman ou ki lakòz tou sa. Se mechanste ou ki fè sa rive ou. Sa pa dous menm! Li frape ou nan kè.
Jeremiah 6:14Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.
Jeremiah 14:13Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.