Jeremiah 4:14
Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?
Bib La
In The King James Version
In Context
15Depi lavil Dann y'ap bay nouvèl la. Depi sou mòn Efrayim lan y'ap anonse malè a.
Cross References
Psalms 66:18Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.
Proverbs 1:22L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?
Isaiah 55:7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
Jeremiah 18:11Bon! Koulye a, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Seyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal.
Matthew 12:33Si pyebwa a bon, l'ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p'ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay.
Matthew 23:26Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.