Jeremiah 4:17
Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Seyè a. Se Seyè a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:1Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo.
Nehemiah 9:30Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
Isaiah 1:20Men, si nou derefize koute m', si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n' mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa ak bouch mwen.
Jeremiah 5:23Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'.
Jeremiah 6:3Wa yo ap moute vin sènen lavil la ak lame yo. Yo pral moute tant yo fè wonn li, chak moun bò pa yo.
Lamentations 1:8Lavil Jerizalèm te fè anpil peche! Li bay moun degoutans. Moun ki te konn gen respè pou li yo, koulye a yo pa gade l' menm. Li kanpe tankou yon fanm toutouni devan yo. Li menm, l'ap plenn, l'ap kache figi l' tèlman li wont.