Jeremiah 4:20
Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Kilè m'a wè bout batay la? Kilè m'a sispann tande twonpèt lagè a?
Cross References
Exodus 33:5Seyè a di Moyiz konsa: -Di pitit Izrayèl yo se yon bann moun ki gen tèt di yo ye. Si se pou m' ta ale ak yo, menm yon sèl ti kadè, mwen ta fin estèminen yo nèt. Koulye a, se pou yo wete tout bijou yo gen sou yo. Lè sa a m'a wè, sa m' ka fè pou yo.
Leviticus 26:21Si, apre sa, nou vle kenbe tèt ak mwen toujou, si nou derefize koute m', mwen menm tou m'ap peni nou sèt fwa pi rèd toujou pase anvan poutèt peche nou yo.
Leviticus 26:28lè sa a m'a kenbe tèt ak nou tou, m'a pran chenn sou nou. Se mwen menm toujou k'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
Numbers 16:45-Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè.
Psalms 72:19Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
Isaiah 33:20Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase.