The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 4 › Jeremiah 4:27

Jeremiah 4:27

Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt.

Bib La

In The King James Version

For thus hath the LORD said, The whole land shall be desolate; yet will I not make a full end.

In Context

26Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil.

28Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Seyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l', li p'ap chanje lide.

Read all of Jeremiah 4

Cross References

Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.

2 Chronicles 36:21Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a.

Isaiah 17:6Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.

Isaiah 24:3Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Seyè a fin pale, se sa ki pou rive.

Jeremiah 5:10Se pou moun eskalade miray yo. Se pou moun devaste jaden yo. Men, yo pa bezwen fini nèt ak yo. Se pou yo rache branch yo met atè, paske se pa pou mwen yo ye.

Jeremiah 7:34Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l', ou p'ap tande yon moun ap ri. p'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 4:27

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 4:26Jeremiah 4Jeremiah 4:28 →