Jeremiah 40:1
Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 7:17Apre sa, li tounen lakay li lavil Rama kote li te konn regle zafè pou pèp Izrayèl la tou. Li te bati yon lotèl pou Seyè a lavil Rama.
Psalms 68:6(068:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon.
Jeremiah 31:15Men sa Seyè a di ankò: -Yo tande yon sèl rèl nan Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle kite pesonn konsole l' paske pitit li yo mouri.
Jeremiah 39:11Men Nèbikadneza, wa lavil Babilòn, bay Neboucharadan, chèf lagad la lòd sa a pou Jeremi:
Acts 12:6Lavèy jou pou Ewòd ta mennen Pyè konparèt devan pèp la, nan mitan lannwit Pyè t'ap dòmi ak de sòlda, yonn sou chak kote li. Yo te mare l' ak de chenn. Epi te gen gad devan pòt la ki t'ap veye prizon an.
Acts 28:20Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.