Jeremiah 40:10
Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 16:1David te fèk fin kite tèt mòn lan lè li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre l'. Li t'ap mennen de bourik byen chaje avèk desan (0200) pen, san (0100) grap rezen chèch, san (0100) pake fwi mi ak yon gwo veso fèt ak po bèt plen diven.
Isaiah 16:9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.
Jeremiah 39:10Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay.
Jeremiah 40:12Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite.
Jeremiah 48:32M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.
Luke 21:36Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.