Jeremiah 40:14
Yo di l' konsa: -Ou pa konnen Baalis, wa peyi Amon an, voye Izmayèl, pitit Netanya a, pou touye ou? Men Gedalya pa t' vle kwè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 11:1Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.
Proverbs 26:23Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.
Jeremiah 25:21moun peyi Edon, moun peyi Moab ak moun Amon yo,
Jeremiah 41:1Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya,
Jeremiah 41:10Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.
Ezekiel 25:2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.