Jeremiah 40:15
Lè sa a, Jokanan al jwenn Gedalya an kachèt lavil Mispa, li di l' konsa: -Eske ou vle m' al touye Izmayèl pou ou? Pesonn p'ap konn anyen. Poukisa pou ou kite l' ansasinen ou? Si li touye ou, sa pral lakòz tout jwif ki te sanble bò kote ou yo pral gaye ankò. Sa pral lakòz ti ponyen moun ki rete nan peyi Jida a rive disparèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Men, Gedalya reponn: -Pa fè sa, monchè! Sa w'ap di sou Izmayèl la pa vre!
Cross References
1 Samuel 24:4Mesye yo di David konsa: -Men chans ou, men okazyon Seyè a te di l'ap ba ou a. Seyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l'. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa.
2 Samuel 18:3Men sòlda yo reponn li: -Non. Ou pa prale avè nou. Sa p'ap di lènmi nou yo anyen si nou kouri pou yo. Si mwatye nan nou mouri, sa p'ap di yo anyen tou. Men ou menm pou kont pa ou, ou vo dimil (010.000) sòlda tankou nou. Se poutèt sa, pito ou rete isit nan lavil la, kote ou ka jwenn konkou pou voye ban nou.
Job 31:31Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.
Jeremiah 42:2yo di l' konsa: -Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Seyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l' la, nou te anpil, koulye a se yon ti ponyen moun nou ye.
John 11:50Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.