bible.software › Jeremiah › Jeremiah 40 › Jeremiah 40:6
Jeremiah 40:6
Jeremi al jwenn Gedalya, pitit Akikam lan, lavil Mispa. Li rete la avè l' ansanm ak moun yo te kite nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
Then went Jeremiah unto Gedaliah the son of Ahikam to Mizpah; and dwelt with him among the people that were left in the land.
In Context
5Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale.
7Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun.
Read all of Jeremiah 40
Cross References
Joshua 18:26Mizpe, Kefira, Mosa,
Judges 21:1Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.
Jeremiah 39:14voye chache Jeremi nan lakou gad palè yo. Yo renmèt li nan men Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, ki te pou fè l' rive lakay li san danje. Se konsa Jeremi te rete nan mitan pèp la.
This Verse In Other Editions
Study Jeremiah 40:6