Jeremiah 41:5
Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t' ankò gaye.
Cross References
Genesis 34:2Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.
Deuteronomy 14:1Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.
Joshua 24:32Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.
1 Samuel 1:7Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Seyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l' fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen.
1 Kings 12:1Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
1 Kings 16:24Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (06.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.