Jeremiah 41:7
Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l' yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 15:28Sa rive nan twazyèm lanne rèy wa Asa nan peyi Jida. Se konsa Bacha moute wa peyi Izrayèl nan plas Nadab.
2 Kings 11:1Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a.
Psalms 55:23(055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
Isaiah 59:7Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.
Ezekiel 33:24-Nonm o! Rès moun k'ap viv nan lavil yo fin kraze nan peyi Izrayèl la ap plede di: Abraram te pou kont li. Yo te ba li tout peyi a pou li. Nou menm nou anpil. Konsa, tout peyi a ap rete pou nou.