Jeremiah 41:9
Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l' la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 10:16Men, senk wa yo te kouri chape, y' al kache nan gwòt Makeda a.
1 Samuel 13:6Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.
1 Samuel 14:22Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo.
2 Samuel 17:9Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo.
1 Kings 15:22Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida a pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray ranpa lavil Mispa ak lavil Geba nan pòsyon tè branch fanmi Benjamen yo.
Hebrews 11:38Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè.