Jeremiah 42:11
Koulye a, nou pa bezwen tranble devan wa Babilòn lan. Nou pa bezwen pè l'. Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale ak nou. Mwen la avèk nou pou sove nou, pou delivre nou anba men l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 20:4Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.
Joshua 1:9Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
2 Chronicles 32:7-Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k'ap mache avè l' la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l'.
Psalms 46:11(046:12) Seyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n' kache!
Isaiah 41:10Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Isaiah 43:5Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou soti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.