Jeremiah 42:14
Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n' al viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:3Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo?
Numbers 11:5Jan nou te konn manje pwason pou gremesi nan peyi Lejip! Nou chonje kalite bon ti konkonm, melon dlo, powo, zonyon, ak lay nou te konn manje!
Numbers 14:4Yonn t'ap di lòt: -Ann chwazi yon lòt chèf! Ann tounen nan peyi Lejip!
Deuteronomy 17:16Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.
Isaiah 30:2Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.
Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.