Jeremiah 42:18
Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
2 Chronicles 34:25Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase.
Isaiah 65:15Moun mwen chwazi yo va sèvi ak non nou pou joure moun. Mwen menm Seyè a, m'a fè nou mouri. Y'a di: Se pou Seyè a touye ou tankou l' touye moun sa yo! Men, m'a bay sèvitè m' yo yon bon repitasyon.
Jeremiah 7:20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.
Jeremiah 22:10Nou menm moun Jida, nou pa bezwen kriye pou wa Jozyas ki mouri a. Nou pa bezwen pran lapenn pou li. Kriye pito pou Chaloum, sa yo depòte a. Li menm, li p'ap janm tounen lakay li, li p'ap janm wè peyi kote l' te fèt la ankò.
Jeremiah 22:27N'ap anvi tounen vin wè peyi sa a. Men, nou p'ap janm ka tounen.