The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 42 › Jeremiah 42:19

Jeremiah 42:19

Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a.

Bib La

In The King James Version

The LORD hath said concerning you, O ye remnant of Judah; Go ye not into Egypt: know certainly that I have admonished you this day.

In Context

18Wi! Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò.

20Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'.

Read all of Jeremiah 42

Cross References

Numbers 14:3Poukisa Seyè a mennen nou nan peyi sa a? Koulye a, yo pral touye nou nan lagè, yo pral pran madanm ak pitit nou yo fè yo tounen esklav. Pa pito nou tounen nan peyi Lejip?

Deuteronomy 31:21Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m' temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l'. Wi, depi koulye a, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo.

Nehemiah 9:26Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!

Isaiah 21:12Mwen reponn: -Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.

Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.

Ezekiel 2:5Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 42:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 42:18Jeremiah 42Jeremiah 42:20 →