Jeremiah 42:6
Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Seyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Dis jou apre, Seyè a bay Jeremi repons lan.
Cross References
Exodus 24:7Lèfini, li pran liv kontra a, li li l' pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè, n'a obeyi l'.
Deuteronomy 5:33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
Joshua 24:24Pèp la reponn li: -Se Seyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè.
Psalms 81:13(081:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen!
Isaiah 3:10Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.
Romans 7:7Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou.