Jeremiah 43:10
Lèfini, w'a di yo: men mesaj Seyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fotèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:12Bennadad t'ap bwè ak lòt wa yo anba tant yo lè yo pote repons Akab la ba li. Lamenm, li bay moun pa l' yo lòd pou yo mache sou lavil Samari. Se konsa, y' al pare pou atake.
Psalms 18:11(018:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.
Psalms 31:20(031:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.
Jeremiah 1:15Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.
Jeremiah 27:6Se konsa, mwen lage tout peyi nou yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn, sèvitè m' lan. Mwen ba li ata bèt nan bwa yo pou yo soumèt devan l'.
Jeremiah 46:27Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou menm moun pèp Izrayèl yo. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an. N'ap tounen lakay nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.