Jeremiah 43:3
Se Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 109:4Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.
Jeremiah 36:4Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l' tout mesaj Seyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la.
Jeremiah 36:26Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l' la. Men Seyè a pa kite yo jwenn yo.
Jeremiah 43:6fanm kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou.
Matthew 5:11Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye.
Luke 6:26Malè pou nou lè tout moun ap di nou se bon moun, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo.