Jeremiah 43:4
Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Seyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 25:16Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.
Ecclesiastes 9:16Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.
Jeremiah 42:10Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m' gwo lapenn.