Jeremiah 43:5
Lè sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
Jeremiah 40:10Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo.
Jeremiah 41:10Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.
Jeremiah 41:17Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip