Jeremiah 44:10
Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:17Men w'ap pran pòz awogan ou avèk pèp mwen an, ou pa vle kite yo ale.
Exodus 10:3Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l': -Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l' ka fè yon sèvis pou mwen.
2 Kings 22:19Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
2 Chronicles 32:26Tansèlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo rekonèt fòt yo apre sa. Depi lè sa a, Seyè a pa move sou yo ankò jouk jou Ezekyas mouri.
2 Chronicles 33:19Lapriyè wa a te fè a, repons Bondye te ba li, tout peche l' yo, jan li te vire do bay Bondye, tout kote li te bati pou zidòl yo, estati Achera ak estati lòt zidòl li te fè fè pou l' te ka sèvi anvan li te rekonèt peche li yo, nou jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa pwofèt Ozayi a.
Psalms 34:18(034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.