The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 44 › Jeremiah 44:11

Jeremiah 44:11

Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a.

Bib La

In The King James Version

Therefore thus saith the LORD of hosts, the God of Israel; Behold, I will set my face against you for evil, and to cut off all Judah.

In Context

10Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.

12M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz.

Read all of Jeremiah 44

Cross References

Leviticus 17:10Pesonn ni nan pèp Izrayèl la, ni pami moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo pa gen dwa manje vyann ak tout san li ladan l'. Si li fè l', mwen menm Seyè a, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.

Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.

Jeremiah 21:10Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.

Ezekiel 14:7Chak fwa yonn nan moun pèp Izrayèl yo osinon yonn nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp mwen an va vire do ban mwen pou li al sèvi zidòl, si li kite zidòl pran nanm li pou li fè sa ki mal, lèfini pou li konprann pou li al jwenn pwofèt Bondye a pou mande l' mande m' anyen, se mwen menm menm, Seyè a, ki pral ba li repons la.

Amos 9:4Si lènmi fè yo prizonye pou l' ta mennen yo ale kite peyi yo a, m'ap bay lòd touye yo. M'ap voye je m' sou yo. Men, fwa sa a, se p'ap pou byen yo, se va pou malè yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 44:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 44:10Jeremiah 44Jeremiah 44:12 →