Jeremiah 44:14
Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 4:2Jou sa a, Seyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pa t' mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.
Isaiah 30:1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.
Jeremiah 42:17Tout moun ki soti vre pou y' ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an.
Jeremiah 44:26Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!
Jeremiah 44:28Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.
Matthew 23:33Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a?